Poum di laverite, mwen pat vrèman konnen sam te vle. Nan tèt mwen, se te sèlman: "Mwen vle fè menm lajan ak Dam sa."
Men pandanm tap suiv fòmasyon yo, yon bagay te chanje anndanm.
Mwen te kòmanse chèche konnen kiyès mwen ye toutbon, dekouvri konpetans mwen, idantifye pwen fò mwen ak sa m vrèman kapab pote bay lòt moun.
Se te tankou yon deklic.
Objektif mwen yo chanje nèt. Okòmansman, se te "Mwen vle fè lajan." Jodi a, se pito: "Mwen vle devlope konpetans mwen epi pataje yo ak moun ki bezwen yo."
Mwen toujou ap aprann, mwen poko rive kotem vle a. Men mwen deja wè yon gwo diferans nan fason mwen travay, fason mwen reflechi, ak konfyans mwen genyen nan tèt mwen.
Se pou sa mwen rekonesan dèske mwen fè pati SDMASTER. 💚🚀